News Release Header
Pou Piblikasyon Imedya:
Me 21, 2024
Kontak pou Laprès:
Mauricio Almenara
[email protected]
786-239-6769
305-375-5393

Komisyonè Keon Hardemon va re-dedikase deziyasyon konjwen State Road Father Gerard Jean-Juste


MIAMI-DADE – Komisyonè Keon Hardemon ap re-dedikase deziyasyon konjwen yon wout deta ki onore lavi ak patrimwàn defen Pè Gerard Jean-Juste. Re-dedikas la pral fèt mèkredi 22 me a 10 a.m, nan adrès 166 NW 54th St., Miami, FL 33127 (pre restoran Chef Creole Seasoned Kitchen).

An 2010, yo te apwouve deziyasyon konjwen an, yo te plase plak non ri yo sou lavwa piblik, epi yon ti tan apre yo te retire pano yo. Komisyonè Hardemon konprann enpòtans ki genyen nan asire patrimwàn Pè Jean-Juste la rete byen dyanm epi li rete afiche yon kote tout moun kapab wè nan kominote Ti Ayiti a.

Pè Jean-Juste te yon pèsonaj moun te admire anpil ki te renome pou devouman tennfas li pou jistis sosyal ak ranfòspman kapasite kominotè. Li te sèvi kòm yon Pè Katolik Women ayisyen e kòm yon aktivis enpòtan nan kominote a epi li te rekoni pou militans enfatigab li an favè pèp Ayiti a.

Kiyès:
Komisyonè Keon Hardemon
Reprezantan Eta Florid Dotie Joseph
Reprezantan Eta Florid Ashley Gantt
ak Senatè Eta Florid Shevrin Jones
Kisa:
Re-dedikas de non State Road Father Gerard Jean-Juste
Kilè:
22, 2024, 10:00 a.m.
Kikote:
166 NW 54th St.
Miami, FL 33127 (pre Chef Creole Seasoned Kitchen)