News Release Header
Kontak pou Laprès:
Michael Hernandez
[email protected]
305-375-1545

Deklarasyon Mè Carlos A. Gimenez sou aksidan bisiklèt ki fèt sou Crandon Park Boulevard


(MIAMI, 21 janvye 2015) – "Jodi a nap panse a fanmi ak zanmi viktim ki pèdi lavi li maten an, nan yon aksidan bisiklèt sou Crandon Park Boulevard.  Gen yon dezyèm viktim ki blese grav, e nap lapriyè pou li tou. Nan moman an, lapolis ap fè envestigasyon e nap gen plis detay nan jou kap vini yo.  Rickenbacker Causeway, pon li yo, ansanm ak wout ki mennen nan Vilaj Key Biscayne, fè pati pi bèl kote ou ka jwenn nan Konte a, epitou se kote moun renmen fè aktivite anplennè. Depi lè mwen te vin Komisyonè Distri 7, se te priyorite mwen poum amelyore nan zòn sila yo.  Chak mwa, manm estaf nou yo gen reyinyon avèk lidè kominote moun kap monte bisiklèt yo, pou nou kolabore epi jwenn solisyon.


"Epitou, administrasyon mwen an, avèk sipò Konsèy Komisyonè Konte nou an, envesti plis pase $14 milyon pou amelyore sitiyasyon an pou pyeton avèk moun kap monte bisiklèt. Nou kontinye pran angajman pou bay plan sa a priyorite, pou nou fè plis amelyorasyon toujou, lè gen fon ki vin disponib.
"Mwen menm, ansanm ak Vis-Prezidan Bovo, Komisyonè Suarez ak Diaz, ap mande Depatman Polis Konte Miami-Dade, Vil Miami ak Vilaj Key Biscayne pou yo kontinye aktivite yap mennen pou sekirite piblik la.


"M ap di li ankò: sekirite pyeton, moun ki sou bisiklèt, ak tout lòt moun kap sikilè nan zòn nan, se yon bagay ki enpòtan anpil, e se priyorite nou nan zafè transpò. Nou pwal travay ak Komite Sèvis Transpò Konsèy la pou nou kontinye pran ka pwoblèm ki poze."