News Release Header
Kontak pou Laprès:
Michael Hernandez
[email protected]
305-375-1545

Deklarasyon Mè Konte Miami-Dade, Carlos A. Gimenez, nan kad eleksyon Bill Johnson kòm direktè “Enterprise Florida”


(MIAMI, 22 janvye 2015) – "Gouvènè Scott ak Konsèy “Entreprise Florida” fè yon bon chwa lè yo pran Bill Johnson kòm direktè. Bill se yon fonksyonè Miami-Dade depi pwèske 35 ane. Li te alatèt depatman ki enpòtan nan katriyèm pi gwo gouvènman minisipal nan peyi a; paregzanp li te direktè PortMiami nan epòk yo tap apwouve epi konstwi tinèl PortMiami a, epi pi resaman li tap dirije Depatman Dlo Potab ak Egou.


“Lefèt Bill ale, se yon pèt pou Konte Miami-Dade, men se yon viktwa pou Laflorid. Konpliman pou Bill. Nou pa ka tann pou nou travay avèk li, ansanm ak “Enterprise Florida”.


“Moun ki pwal ranplase Bill la, se direktè aktyèl Depatman Sèvis Entèn, Lester Sola. Mwen gen anpil konfyans nan abilite Lester genyen pou li dirije Depatman Dlo Potab ak Egou, sitou nan moman kote depatman an ap kòmanse modènizasyon pi gwo sistèm enfrastrikti piblik nan istwa konte a.