Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez mande yon pwolongasyon yon mwa pou rezidan Konte yo peye taks sou pwopriyete

Rezidan yo ka fè tranzaksyon kolektè taks sou entènèt, tankou peman taks sou pwopriyete, anrejistreman plak oto ak taks biznis lokal

MIAMI ( Mas 21, 2020 )

Pandan Konte Miami-Dade ap kontinye fè fas ak deranjman ke pwopagasyon coronavirus (COVID-19) la koze, mwen te mande Gouvènè Ron DeSantis pwolonje delè pou peye Taks sou pwopriyete 2019 la yon mwa, soti 31 mas rive 30 avril 2020.

Pou pwoteje kliyan kolektè taks ak anplwaye yo, mwen ankouraje kontribyab ak kliyan nou yo fè kèlkeswa tranzaksyon kolektè taks pou yo biznis sou entènèt, takou peye taks sou pwopriyete bati, taks sou pwopriyete pèsonèl tanjib, taks biznis lokal yo ak taks anrejistreman plak oto "Renew Express" and "GoRenew”. Peman yo ka[ab fèt pa lapòs tou.

Ale sou miamidade.gov/taxcollector pou detay yo.

Pandan ke biwo Kolektè taks la rete louvri lendi rive vandredi, 8 a.m. a 4:30 p.m., tanpri depoze peman yo nan pòt la, olye pou w antre nan saldatant lan. Biwo Kolektè taks la admèt sèlman 20 moun alafwa pou asire distans sosyal sis pye ant moun yo, jan Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) rekòmande.

Epi remake ke anpil biwo Depatman Sekirite Otowout ak Veyikil a Motè ke Eta a ap dirije nan Konte Miami-Dade te fèmen apati 19 mas.

Si ou bezwen ale nan yon ajans plak oto ke sektè prive posede epi ap dirije nan Konte Miami-Dade, tanpri rele biwo sa a anvan pou asire ke yo louvri.

Mwen ankouraje tout moun pratike distans sosyal si ou dwe antre nan biwo. Kontinye swiv règ ijyèn CDC ki se lave men epi pa bay lamen pou evite pwopagasyon COVID-19 la.

Pou jwenn enfòmasyon ki ajou sou COVID-19 la, ale sou miamidade.gov/coronavirus.