Kontak pou Laprès:
Juan Diasgranados
[email protected]
786-495-2264

Gen yon sant tès COVID-19 ki ouvè kounye a nan Marlins Park

MIAMI ( Mas 25, 2020 )

Konte Miami-Dade, an koperasyon avèk Gad Nasyonal Florid la (Florida National Guard), Vil Miami, Jackson Health System ak Miami Marlins, ouvè yon sant tès COVID-19 sou bò lwès Marlins Park, 501 Marlins Way, Miami.

Sant tès drayvin nan la pou fè tès pou rezidan nan Konte Miami-Dade ki gen laj omwen 65 an, epi tès yo se pa randevou sèlman. Moun ki enterese pou yo fè tès pou yo dwe rele 305-499-8767 pou jwenn sant apèl la, kote y ap fè pre-depistaj pou sentòm yo.

Pèsonèl ki sou plas la kapab fè tès pou moun ki gen randevou sèlman. Y ap voye tout lòt moun yo ale. Granmoun aje y ap fè tès pou li a te mèt vini nan lokal drayvin nan avèk yon sèl lòt moun nan machin nan, epi y ap fè tès pou moun sa a tou, pou verifye viris la pa simaye.

Sant apèl la ap ouvè chak jou a 9 am epi l ap rete ouvè jiskaske tout lè randevou yo pou landmen an ranpli. Kounye a, gen tès disponib chak jou nan lokal sa a pou 300 moun.