Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

Majistra Carlos A. Gimenez siyen Dekrè Egzekitif ki egzije pou yo make byen klè distans sosyal nan biznis yo, sou sit konstriksyon yo

Mak ki vizib va ede asire konfòmite a espas sis (6) pye distans ant moun yo

MIAMI ( Mas 27, 2020 )

Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez te siyen yon Dekrè Egzekitif jou vandredi 27 mas 2020 an ki egzije tout biznis esansyèl ki rete ouvè nan Konte Miami-Dade pou alète klèman moun sou egzijans espas sis pye distans ant moun yo.

Òdonans dijans sa a ap ede redwi pwopagasyon coronavirus (COVID-19) la. Òdonans sa a aplike sou tout sit piblik, tankou zòn “pase chèche“ ak pla a anpòte, sal pou anplwaye pran poz ak espas kote tout moun itilize.

Tout sit ta dwe gen mak sou planche yo oswa kèk lòt mwayen vizib pou alète moun sou egzijans Konte a  pou rete a sis pye distans.

Depatman Lapolis Miami-Dade ap kontinye soti an fòs pou kontwole sit konstriksyon, fenèt pla a anpòte restoran, magazen, boutik, estasyon gaz ak lòt biznis esansyèl pou asire ke tout moun respekte òdonans sa a.

Majistra Gimenez ankouraje tout moun kontinye pran responsablite pèsonèl yo. Tout moun ta dwe aji tankou yo te enfekte ak COVID-19 la epi rete nan kay otan ke posib pou evite transmèt viris sa a. Sa asire konfòmite avèk Dekrè Egzekitif "Pi an Sekirite Lakay" nan tout konte a ki te pran yè, ke nou va fè aplike seryezman.

Pou mizajou ki pi resan sou sitiyasyon an, ale nan miamidade.gov/coronavirus.