Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]

Deklarasyon Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez konsènan règleman sou transpò prive yo

MIAMI ( Me 17, 2020 )

Yo raple konpayi transpò prive ki ap fonksyone nan Konte Miami-Dade ke yo dwe konfòme yo avèk tout règleman ki an aplikasyon nan divès dekrè egzekitif ki bay kòm repons a pandemi COVID-19 la.

Li obligatwa pou chofè ak pasaje yo mete kouvèti vizaj. Anplis de sa, chofè yo pa ta dwe travay si yo santi yo malad; yo ta dwe evite kontak sere ak moun epi obsève mezi distans sosyal yo; yo ta dwe gen nan machin yo espre dezenfektan, ti sèvyèt jetab ak sak poubèl, epi netwaye souvan sifas moun manyen souvan yo.

Yo te fè m konnen Miccosukee Resort & Gamaj te relouvri. Konte Miami-Dade pa gen jiridiksyon sou kazino tribi oswa operasyon yo. Sepandan, nou ankouraje nenpòt sèvis navèt pou ale nan kazino a pou yo konfòme yo ak direktiv distans sosyal ak rekòmandasyon CDC sou for-hire vehicles ak operatè tranpò piblik.

Pou tout dènye enfòmasyon yo, vizite miamidade.gov/newnormal ak miamidade.gov/coronavirus.