Kontak pou Laprès:
risemiamidade.com

RISE Miami-Dade Fund pou ede antreprenè nan pandemi an e pi lwen ankò

Komisyonè Konte yo apwouve nan inanimite 25 milyon dola pwogram pou ede ti biznis lokal yo

MIAMI ( Jen 02, 2020 )

Madi 2 jen 2020, Konsèy Komisyonè Konte Miami-Dade yo te fè yon bèl pa nan rekiperasyon ekonomik COVID-19 pou ti biznis lokal yo lè yo te apwouve $25 milyon pou RISE Miami-Dade Fund.

RISE, ki se yon akwonim pou Re-Investing in our Small Business Economy (Re-ennvesti nan ekonomi ti biznis nou), te kreye nan Konte an apati fon fleksib yo bay gouvènman lokal yo nan Lwa federal CARES la.

Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez te di " RISE Miami-Dade Fund la pral dinamize opòtinite pou ti biznis yo nan tout Konte nou an. Biznis sa yo se motè ekonomi lokal nou an, epi yo bezwen èd nou kounye a. Mwen fyè pou m te travay avèk Komisyonè Distri 5 la Eileen Higgins pou mete pwogram sa a sou pye pandan nou ap kontinye sipòte ti biznis yo nan kominote nou an - biznis ki se yon chemen pou pwosperite pou anpil nan rezidan nou yo. "

Komisyonè Higgins te di, " RISE Miami-Dade Fund pa pral sèlman ede biznis nou yo retabli de efè COVID-19 la, li pral pou tout tan yon pati pèmanan nan enfrastrikti ti biznis nan Miami-Dade. Konte an pa janm fè yon envestisman ekspre nan ekonomi ti biznis nou yo, bay plis rezidan yo opòtinite pou fè rèv antreprenè yo rive reyalite - ak fè eksperyans libète ak endepandans ki posede pwòp biznis ou bay. Mwen remèsye kòlèg Komisyon Konsèy mwen yo pou ak yon sèl vwa sipòte vòt istorik sa a. "

Pwogram prè renouvlab sa a ap chache dola prive tou ak objektif pou akimile plis pase $50 milyon.

Citi Foundation, fondasyon kominotè CitiBank la te dakò pou vin premye gwo antrepriz ki sipòte fon an.

Dade County Federal Credit Union pral administre Fon RISE la, avèk prè ki soti nan enstitisyon finansye devlopman kominote lokal yo (CDFI), ke Depatman Trezò Ameriken sètifye ak reglemante. CDFI yo espesyalize nan ede ti biznis fanm ak minorite posede avèk aksè a prè komèsyal ke otreman yo ka pa ta kapab jwenn. Yo pa sèlman bay prè a to enterè favorab avèk peryòd ranbousman, yo ofri tou konsèy teknik finansye, tankou maketing ak asistans bidjetè pou ede ranfòse ak grandi biznis yo.

Yon etid resan Inivèsite Entènasyonal Florid rapòte ke Konte Miami-Dade gen plis pase 66,000 mikwo biznis ak 10 anplwaye oswa mwens, ki reprezante 81 pousan nan tout biznis prive lokal yo.

Pwogram lan poko lanse. Pou wè si biznis ou ta kalifye pou yon prè RISE epi enskri pou mizajou pa imèl sou lè pwosesis aplikasyon an ap kòmanse, ale nan risemiamidade.com.