Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

De nouvo sit pou fè tès COVID-19 louvri nan Konte Miami-Dade

Pandan ke ou ka mache nan sit sa yo pou pwan tès la. Nou ankouraje tout moun pou fè yon randevou. Moun ki gen yon randevou ap gen Priyorite pou pwan tès la.

MIAMI ( Dawout 18, 2020 )

De nouvo sit yo ap louvri pou COVID-19 tès nan kote sa yo:

Lame Disali
911 W. Flagler Street
Miami, FL 33130

Ronald L Book Athletic Stadium (North Miami Stadium)
2555 NE 151st Street
North Miami 33160

Sit nan Estadyòm Nò Miami ap louvri nan Jedi 20 Dawou, 2020.

Sit Lame Disali a nan Little Havana te louvri nan Madi 18 Dawou.

Sit sa yo pral louvri depi Lendi jouk Samdi, soti nan 8è nan maten jiska 8è nan aswè.

Tès yo disponib pou nenpòt moun ki gen 12 an oswa plis avèk oswa san sentom yo. Timoun yo dwe rive avèk yon paran oswa gadyen legal.

Tès yo pral fèt atravè nen avèk yon aplikatè.

Rezilta yo ap bay pa imèl oswa tèks.

Pandan ke w ka jis ale nan sit sa yo, Nou ankouraje tout moun fè yon randevou. Moun ki gen yon randevou ap gen Priyorite pou pwan tès la. Randevou yo ka fèt sou entènèt isit-la.

Pou plis enfomasyon sou tès COVID-19 an jeneral ak lot lokalpou fè tès nan tout konte a, klike isit-la.