Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

Fondasyon Miami fè patenarya avèk Konte Miami-Dade pou bay $10 milyon sibvansyon pou soulaje ONG ke depans COVID yo afekt

Dat limit aplikasyon sou entènèt se 30 septanm 2020.

MIAMI ( Septanm 08, 2020 )

Pandan li ap travay an patenarya avèk Konte Miami-Dade atravè Depatman Lojman Piblik ak Devlopman Kominotè (PHCD), Fondasyon Miami ap ofri ONG yo sibvansyon yon sèl fwa pou ede soulaje òganizasyon ki afekte nan Coronavirus (COVID-19) la. Èd $10 milyon dola a posib atravè Fon federal Soulajman pou Coronavirus epi yo dwe itilize l pou kouvri pewòl anplwaye yo, depans entèripsyon aktivite biznis, reouvèti ak lòt depans ki gen rapò ak COVID-19.

Aplikasyon yo disponib sou entènèt, epi dat limit pou soumèt yo se 30 septanm 2020. Klike isit la pou materyèl pwogram, ki gen ladan Gid Pwogram, Kesyon Aplikasyon, ak Kesyon yo poze pi souvan.

Enfòmasyon sou entènèt yo va fèt vandredi 11 septanm ak madi 15 septanm. Yo ap kòmanse a 11:00 am. Òganizasyon ki enterese ka enskri isit la.

Si ou bezwen asistans ak pwosesis aplikasyon an, tanpri voye yon kesyon ou yo pa imel bay [email protected]. Ou kapab enskri tou pou orè biwo vityèl yo.

Majistra Miami-Dade, Carlos A. Gimenez, te di: "Nou remèsye Fondasyon Miami pou patenarya li nan distribisyon èd federal enpòtan sa a. Sibvansyon konsa se kle pou ede ONG anba fado finansye pandemi sa a pote.