Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]

Deklarasyon Majistra Konte Miami-Dade, Carlos A. Gimenez, sou enjonksyon kouvrefe a

MIAMI ( Oktòb 17, 2020 )

Vandredi 16 oktòb 2020, jij tribinal sikui Konte Miami-Dade Beatrice Butchko te pibliye yon enjonksyon tanporè ki anpeche Konte Miami-Dade aplike kouvrefe nan tout konte a ki te nan dekrè egzekitif Konte a pou konbat pwopagasyon COVID -19 la. Desizyon an te pran an repons a yon plent konpayi amizman adilt yo rele lokalman Tootsie, ki te konteste Dekrè Egzekitif Konte 30-20 an, jan yo te amande l.

Konte Miami-Dade te fè yon apèl. Apati kounye a, Konte a pa ka fè respekte kouvrefe nan biznis yo jiska rezolisyon apèl la. Nòmalman, kouvrefe a pa aplikab jiskaske tribinal pran desizyon sou apèl la. Sepandan, nou kapab e nou ap kontinye fè respekte dekrè Konte a sou mask, distans sosyal ak règleman enpòtan sou pwotokòl sante piblik nan zafè biznis.

Mwen vle repete ke si tout moun mete mask an piblik epi rete lwen gwo rasanbleman sosyal ki ka deklanche evènman danjere pou simaye viris la, nou ka kontinye kenbe pousantaj pozitivite COVID-19 la ba san bay lopital nou yo tèt chaje ak pasyan ki malad grav.

Ekspè sante piblik nou yo predi yon ogmantasyon ka yo ak yon gwo monte potansyèl mitan Novanm, se poukisa tout moun dwe pran swen espesyal pou swiv règleman sekirite yo. Mwen ap mande rezidan nou yo ak pwopriyetè biznis yo pou yo vijilan epi swiv règleman sekirite Konte a avèk dilijans pou pwoteje kominote nou an pandan pandemi sa a. Tanpri, kontinye fè pati pa w la pou sove lavi.