Kontak pou Laprès:
Rachel Johnson
[email protected]
407-701-4357

Deklarasyon Majistra Konte Miami-Dade la, Daniella Levine Cava, sou tès COVID li ki pozitif

MIAMI ( Novanm 30, 2020 )

"Jodi a mwen gen yon tès COVID-19 ki pozitif, apre yo fin aprann ke mari mwen, Doktè Robert Cava, te ekspoze a viris la mèkredi pase akoz youn nan pasyan li yo; li te fè yon tès jodi a ki pozitif tou. Rob ak mwen, nou an karantèn san danje lakay nou. Nou tou de byen, nou ere paske nou gen sèlman sentòm ki pa grav nan moman sa a. Mwen gen yon panse espesyal pou tout doktè, enfimyè, travayè swen sante, lapolis, ak travayè ponpye nan tout kominote nou an ki kontinye sèvi ak pwoteje rezidan Miami-Dade yo. malgre gwo risk pèsonèl pou tèt pa yo ak moun yo renmen yo.

Fanmi nou pa diferan de plizyè milye lòt fanmi ki gen pi gwo risk pou yo ekspoze akòz sakrifis travayè swen sante yo ak premye sekouris yo ki devan nan konba a. Travayè esansyèl sa yo se vrèman gason ak fanm vanyan ki fè sakrifis pou kenbe kominote nou an an sekirite, epi mwen pi rekonesan pase tout tan pou kouraj yo."

Si ou kwè ou te ekspoze a coronavirus, tanpri chache youn nan sit tès gratis Konte a.

Pou plis enfòmasyon ak resous sou pandemi coronaviris la, vizite sit tès Coronavirus (COVID-19) Konte a.