Kontak pou Laprès:
Luisana Pérez Fernández
[email protected]

Konte Miami-Dade pral lanse yon kantite limite randevou pou vaksen COVID-19

MIAMI ( Janvye 07, 2021 )

Jodi a, Konte Miami-Dade va mete yon kantite limite randevou pou vaksen COVID-19 disponib pou granmoun aje ki gen 65 ane oswa plis, dapre direktiv vaksen eta a. Randevou yo va disponib atravè yon zouti pwogramasyon nan miamidade.gov/vaccine.

Demann pou vaksen kounye a pi plis pase rezèv ki deja egziste. Konte Miami-Dade ap travay di pou mete vaksen disponib pou kominote a osi vit ke li ap resevwa nouvo kantite.

Majistra Konte Miami-Dade la, Daniella Levine Cava te di: "Nou nan yon sitiyasyon ijans, e nou dwe distribye vaksen COVID-19 san pèdi tan pou pwoteje kominote nou an epi fè ekonomi nou an kontinye avanse. Kòm Majistra Konte, priyorite mwen se travay avèk tout patnè nou yo pou jwenn vaksen pi vit ke posib pou rezidan ki elijib yo. Jodi a nou fyè pou nou ofri yon kantite limite randevou pou vaksen ki disponib pou granmoun aje ki gen 65 ane oswa plis nan kominote nou an."

"An kolaborasyon avèk eta a, lopital yo, vil yo, ak lòt patnè, nou ap travay pou nou ogmante rapidman distribisyon vaksen yo bay moun ki pi vilnerab nou yo. Tanpri kontinye tcheke miamidade.gov/vaccine pou enfòmasyon sou ki kote vaksen yo disponib kounye a."

Miami-Dade va louvri yon kantite limite randevou pou vaksen COVID-19 pou granmoun aje ki gen 65 ane oswa plis jou jedi 7 janvye a 2 zè apre midi nan miamidade.gov/vaccine. Sit entènèt la disponib tou an panyòl nan miamidade.gov/vacuna ak kreyòl ayisyen nan miamidade.gov/vaksen.