Kontak pou Laprès:
Luisana Perez Fernandez
[email protected]

Konte Miami-Dade ap louvri yon kantite limite randevou pou vaksen COVID-19

MIAMI ( Janvye 08, 2021 )

Jodi a, Konte Miami-Dade va mete yon kantite limite randevou pou vaksen COVID-19 disponib pou granmoun aje ki gen 65 ane oswa plis, dapre direktiv eta a sou vaksen. Randevou yo va disponib atravè yon zouti pwogramasyon nan miamidade.gov/vaccine

Konte Miami-Dade ap travay an patenarya avèk Baptist Health South Florida ak Depatman Lasante Florid Miami-Dade pou fè sit vaksinasyon adisyonèl disponib atravè zouti pwogramasyon Konte a. Tout sit vaksinasyon yo se sou randevou sèlman epi yo pa aksepte moun san randevou.        

Majistra Konte Miami-Dade la, Daniella Levine Cava te di: "Priyorite mwen se fè moun resevwa vaksen osi vit ke posib, epi nou ap travay ansanm ak tout patnè nou yo pou fè plis sit vaksen disponib pandan nou ap resevwa nouvo kantite. Nou fyè dèske nou asosye avèk Baptist Health South Florida ak Depatman Lasante Miami-Dade pou elaji disponiblite vaksen an, epi bay yon zouti santralize - miamidade.gov/vaccine - pou rezidan yo pran randevou pou vaksen pandan nouvo lokal vaksen ap vin disponib."             

Demann pou vaksen kounye a pi plis pase rezèv ki deja egziste. Konte Miami-Dade ap travay di avèk patnè li yo pou mete vaksen disponib pou kominote a osi vit ke li ap resevwa nouvo kantite.

Miami-Dade pral louvri yon kantite limite randevou pou vaksen COVID-19 pou granmoun aje ki gen 65 ane oswa plis apati vandredi 8 janvye a 4è apremidi nan miamidade.gov/vaccine. Sit entènèt la disponib an panyòl nan miamidade.gov/vaccine ak an kreyòl ayisyen nan miamidade.gov/vaksen.