Kontak pou Laprès:
Luisana Perez Fernandez
[email protected]

Deklarasyon: Majistra Daniella Levine Cava sou kouvrefe Konte a ak pwotokòl sante COVID-19 la

MIAMI ( Fevriye 05, 2021 )

“Pandan Konte nou an ap travay pou vaksinen agresivman popilasyon vilnerab nou yo avèk kantite limite vaksen eta te mete disponib, nou kontinye prete atansyon seryezman a pwopagasyon COVID-19 la nan kominote nou an. Patikilyèman ak menas nouvo varyete ki ap parèt ki pwopaje pi rapidman, li enpòtan ke nou pa pèdi vijilans nou. Nou ap pran viraj la avèk ogmantasyon vaksinasyon epi li esansyèl pou rezidan nou yo suiv pwotokòl sante piblik yo.

"Avèk gouvènman federal la ki siyale yon pwogram deplwaman vaksen pi kosto, ak angajman mwen pou ranfòse distribisyon vaksen an, mwen te mande Chèf Ofisye Sekirite Piblik JD Patterson ak Chèf Ofisye Medikal Dr Peter Paige pou yo te travay an pwofondè pandan 30 jou nan done medikal yo sou pousantaj pozitivite ak ranfòsman pwotokòl sante yo pandan nou evalye kouvrefe a minwi nan tout konte a. Chèf mwen yo va bay yon apèsi sou done yo ak rekòmandasyon a Konsèy Komisyonè yo nan mwa mas sou tout pwotokòl kominote nou an ta dwe siiv. Mwen gen konfyans ke nan travay ansanm avèk rezidan ak biznis nou yo, nou kapab bese pousantaj pozitivite nou an anba 5 pousan pou minimize pwopagasyon kominotè COVID-19 la. Nou kapab epi nou va pase atravè dènye chapit sa a nan batay kont pandemi an pandan nou kontinye pwoteje lavi ak mwayen sibzistans."