Kontak pou Laprès:
Alex Spillis
[email protected]

Sit vaksinasyon federal nan Miami Dade College North Campus louvri kounye a

MIAMI ( Mas 03, 2021 )

Premye sit vaksinasyon federal Miami-Dade nan Miami Dade College North Campus louvri kounye a epi li aksepte enskripsyon san randevou oswa apye. Sit sa a, ki nan 11380 NW 27th Ave, Miami, FL 33167, ap fonksyone 7 jou sou 7, soti 7è a.m. rive 7è p.m.

  • Moun annapre yo ki abite an Florid elijib pou resevwa vaksen kont COVID-19 jan sa endike nan dènye Dekrè Egzekitif Gouvènè a:
    • Rezidan ak anplwaye etablisman swen alontèm
    • Moun ki gen 65 ane oswa plis
    • Pèsonèl swen sante ki gen kontak dirèk avèk pasyan
    • Anplwaye lekòl K-12 ki gen 50 ane oswa plis
    • Ofisye fòsdelòd ki prete sèman ki gen 50 ane oswa plis
    • Ajan ponpye ki gen 50 ane oswa plis
  • Anplis de sa, sit sa a KAPAB vaksinen moun ke yon doktè jije trè vilnerab. Moun yo dwe prezante yon fòm siyen, ki disponib isit la
  • Pou plis enfòmasyon vizite https://www.floridadisaster.org/Vaccine

Majistra Konte Miami-Dade la, Daniella Levine Cava te di : "Aprè plizyè mwa mwen te ap mande plis vaksen, mwen kontan gouvènman federal la mete Miami-Dade nan efò vaksinasyon elaji yo atravè Florid - ajoute sou travay kontinyèl nou pou elaji distribisyon vaksen nan sit ki gen ladan Miami-Dade College North Campus. Sit sa a va elaji volim chak semèn vaksen ki disponib nan Miami-Dade yo anpil pandan nou ap travay pou asire ke chak rezidan ki elijib jwenn aksè."

Sit federal nan MDC North Campus la va administre 2,000 vaksen chak jou; sit la va opere de sit satelit mobil tou ki va chak fè 500 vaksinasyon chak jou nan zòn defavorize atravè Konte a.

Anplis de sa, eta Florid la ap opere lòt sit vaksinasyon kominotè annapre yo ki louvri pou enskripsyon sou plas san randevou oswa apye, yo louvri 7 jou sou 7 soti 7è a.m. jiska 7è p.m.:

Oak Grove Park – Sant Kominotè Pè Gerard Jean- Juste
690 NE 159th Street
Miami, FL 33162

Overtown - Parking Lot
1551 NW 1st Ave
Miami, FL 33136

Nou ankouraje moun ki elijib pou yo enskri nan sistèm enskripsyon davans nan tout eta a swa lè w rele nimewo telefòn ki deziyen nan chak konte - lis konplè nimewo telefòn ki disponib sou paj entènèt la Vaksen kont COVID-19 nan Florid oswa vizite MyVaccine.FL.gov.

Pou plis enfòmasyon ak mizajou, vizite miamidade.gov/vaccine.