Kontak pou Laprès:
Alex Spillis
[email protected]

Mizajou Majistra Levine Cava konsènan kouvrefe nan tout konte a

MIAMI ( Mas 05, 2021 )

Jodi a, Majistra Konte Miami-Dade la, Daniella Levine Cava, te voye yon memo bay Konsèy Komisyonè Konte a avèk rezilta revizyon 30 jou done medikal ak revi pwotokòl yo; memo a esplike desizyon li pran pou leve kouvrefe a apati 5 avril si tandans aktyèl yo kontinye epi si mwayèn 14 jou an se 5.5 pousan oswa pi ba nan moman sa a.

Deklarasyon Majistra a:

"Pi gwo priyorite mwen kòm Majistra se lavi ak mwayen sibzistans prèske 3 milyon rezidan nou yo. Nou rive kounye a nan chapit final batay nou kont coronavirus la pandan nou ap elaji agresivman efò vaksinasyon yo. Semèn sa a, administrasyon Biden lan pran angajman pou bay ase vaksen. Pou tout granmoun Etazini rive fen mwa me. Nou pa kapab pèmèt nou bese ponyèt nou lòske nou tou pre ling final la. Mwen gen konfyans si nou kontinye travay ansanm avèk rezidan nou yo ak biznis yo, nou ka bese pousantaj pozitivite a anba 5.5 pousan ki nesesè pou minimize pwopagasyon kominotè COVID-19 la, pandan nou ap akselere vaksinasyon pou devlope iminite toupatou ak vrèman mete pandemi sa a dèyè do nou."