Kontak pou Laprès:
Alex Spillis
[email protected]

Majistra Konte Miami-Dade la, Daniella Levine Cava, patisipe nan yon deklarasyon twa konte

MIAMI ( Mas 15, 2021 )

Konte Miami-Dade, Broward ak Palm Beach te pibliye deklarasyon konjwen annapre a:

Pou tout yon ane, kominote toupatou nan Florid ap travay di anpil pou kontwole pwopagasyon viris COVID-19 la, e gouvènman lokal yo, ki gen ladan zòn Twa Konte Sid-Florid la, te pran mezi bon sans CDC rekòmande pou rezidan, biznis ak vizitè nou yo.

Pandan ke pousantaj pozitivite nou an ap kontinye gen tandans ale nan bon direksyon epi efò vaksinasyon yo ap akselere, kounye a se pa moman pou nou jete prekosyon nou pandan nou prèske mete pandemi sa a dèyè do nou. Malerezman, Dekrè Egzekitif (EO) 21-65 Gouvènè DeSantis la voye sanzatann yon mesaj bay rezidan yo ak kominote biznis la kòm kwadire mezi bon sans pou lite kont COVID-19 yo pa nesesè ankò - lè nou konnen ke yo vrèman travay pou anpeche pwopagasyon an, epi sa ki pi enpòtan, yo sove lavi.

Nou ankouraje tout rezidan Sid Florid yo, biznis yo, ak vizitè yo kontinye swiv prekosyon ak obligasyon enpòtan sa yo, ki gen ladan mete mask, kenbe distans sosyal ak dezenfekte souvan, pandan nou ap travay ansanm pou mou rete vijilan ak pwoteje kominote nou nan sa nou espere ki se dènye chapit konba a.