Rapòte Domaj

Fè evalyasyon domaj apre yon tanpèt oswa yon dezas se yon bagay ki esansyèl pou ede Konte Miami-Dade pi byen konprann zòn ki afekte yo epi pou alokasyon resous nan kominote nou an. 

Depatman Jesyon Dijans (DEM) Konte Miami-Dade te aktive zouti sondaj li pou evalyasyon domaj, Crisis Track, pou li konprann zòn ke yon evènman metewolojik afekte nan plizyè zòn Konte Miami-Dade. Zouti sondaj sa a va ede biznis ak moun dokimante kantite ak tip domaj yo te sibi pandan yon tanpèt. Enfòmasyon nou rasanble atravè sondaj sou domaj sa a va potansyèlman ede mete moun ke inondasyon te afekte an kontak avèk sèvis oswa resous adisyonèl.

Repons nan sondaj la va pèmèt Eta a akselere efò rekiperasyon yo nan rasanble done, nan evalye bezwen biznis ak rezidan ki afekte nan Konte nou an. 

Menmsi patisipasyon nan pwosesis sondaj sa a volontè, nou ankouraje tout moun ki afekte pou yo patisipe paske enfòmasyon sa yo enpòtan anpil pou patnè lokal, Eta ak federal yo evalye enpak jeneral tout evènman metewolojik ka genyen sou zòn nou an, ansanm ak kowòdinasyon alokasyon resous yo pou evènman sa a ak pwochen evènman. Pou rapòte domaj inondasyon w lan, tanpri suiv etap sa yo:

  • Klike sou bouton "Rapòte Domaj" sou bò dwat la.
  • Ranpli fòm lan avèk otan detay posib sou domaj pwopriyete w la
  • Soumèt fòm lan

Si ou pa kapab jwenn aksè a sit la, tanpri rele 3-1-1 pou asistans.

Tanpri, sonje ke done nou kolekte atravè pwosesis sondaj sa a fèt pou sèvi pou alokasyon resous ak pou soulajman sèlman. Rapòte domaj sou pwopriyete w oswa biznis ou atravè Crisis Track se pa yon zouti moun ka itilize pou fè reklamasyon asirans. Pou reklamasyon asirans, tanpri asire ke ou kontakte founisè sèvis asirans pwopriyetè kay ou a.

Online Options

Emergency Management

Pete Gomez, Director

R. David Paulison Fire Rescue Headquarters
9300 NW 41st St, Miami, FL 33178-2414
305-468-5400 | [email protected]

Contact Us | About UsRequest Public Records